Istwa Edip nan Mitoloji Grèk

Koleksyon Kreyòl pale, Kreyòl konprann

Omaj pou Maurice Sixto: memwa ak fyète lang kreyòl ayisyen an

Se yon Istwa moun nan vil Tèb yo p’ap janm bliye. Se tankou avanyè sa te pase. Okenn moun pa bliye, dye yo pa pliye – ata miray ak pye bwa yo pa ka bliye gwo istwa sa a. Istwa pa janm bliye. Yo pa ka bliye, paske pa gen de kretyen vivan lavi yo pase nan kondisyon sa. Pa gen yon moun destine li maspinen li konsa.

Men Kòman sa kòmanse

Istwa sa deroule nan peyi Lagrès – nan vil ki rele Tèb. Wa nan vil sa  te rele Labdakòs, men yo te ba li ti non: Nèg bwate a. Li te gen yon sèl pitit gason. Lè li mouri, ti gason sa a te gen yon ane sèlman – li te rele Layòs. Apre wa fin mouri, yo ta dwe remèt tigason sa a bay yon mèt pou li fè ledikasyon li, jiskaske li gen laj pou li ranplase papa li sou twòn nan. Men, nan menm moman sa, de moun bay koudeta, yo pran pouvwa a. Yo sove ak ti pitit la, yo mennen li nan yon peyi ki rele Elid, lakay wa Pelòs. Li adopte ti gason an, li boule ak li tankou si se te pwòp pitit pa li – anplis li pat gen pitit, li pa menm konnen si l’ap gen yon ti moun.

Apre dizwit ane, rèn nan, madan wa Pelòs fè yon ti gason, wa Pelòs rele li Krizip. Li konfye li bay Layòs pou li fè ledikasyon li. Ti gason an grandi nan men li. Se te yon si bo ti gason. Layòs tonbe damou elèv li an. Li bat pou li di ti nèg la anyen, men li vin rive yon lè,  li pa ka sipòte ankò li oblije devwale li sa. Men Krizip pa konsidere Layòs nan sans sa a, li renmen li paske li se sila k’ap ba li pen ledikasyon, men pa plis – pa mwens. Lè Layòs wè li pa renmen li nan fason li menm li renmen li an. Li enève, li vin pèdi tout bon sans li  – li kidnape ti nonm nan epi li vyole li. Layòs pa sèlman vyole ti bónòm nan, li vyole konfyans papa a te fè li, lè li te remèt li pitit zantray li, pou fè edikasyon li; epi li vyole lalwa sakre, sa ki di: ou dwe trete tout moun byen, sitou si moun sa se yon ti inosan – yon timoun. Apre kadejak la, Krizip vin wont. Li pa vle antre nan palè a. Li ale nan yon vye kay ki te nan mitan yon jaden, li pran yon kòd, li pann tèt li.

Wi, Layòs  trayi konfyans wa Pèlos. Li remèt li, yon gwo mal pou anpil byen li te fè li. Se li ki lakoz li pèdi sèl pitit gason li an, sila ki te gen pou ranplase li sou twòn nan. Ou pa bezwen mande kijan wa santi li, lè li pran nouvèl lanmò sèl pitit li an, pi mal toujou: rezon ki fè Krizip pann tèt li an. Li modi Layòs – Li mande pou tout dye yo jete maledisyon sou li – li mande pou yo modi pitit li ak tout pitit pitit li – pou se “maskriti ki pouse nan kay” Layòs. Apre tout bagay sa yo fin pase, Layòs vin pran konsyans. Li di: “Kisa mwen fè konsa?” Mche vin tèlman wont, li sele cheval li – li pati lwen. Li retounen Tèb nan peyi li, kote papa li te wa a. Chans pou li, de moun yo ki te vòlè pouvwa a te gen tan mouri – twòn nan te vid. Kounye a, li ka reklame twòn papa li an.

Apre li fin chita sou twòn nan, premye sa li fè, li chwazi yon bèl ti fi – pou li marye. Li chwazi Jokas – li soti nan yon fanmi ki rich anpil, epi ki te gen gwo non. Bagay yo pat ka pi byen ankò pou Layòs. L’ap byen pase. Li gen pouvwa li, li gen yon bèl rèn nan men li. Yon sèl bagay li manke. Li bezwen yon ti moun. Li bezwen pou rèn nan ba li yon ti gason, pou chita sou twòn nan lè li mouri. Men, plizyè ane pase, yo poko gen pitit. Mesye dam yo ap poze tèt yo kesyon: kisa k’ap pase konsa? Poukisa yo poko ka gen yon ti moun? Bagay sa a kòmanse enkyete yo. Tout pèp la t’ap fè “chwi-chwi-chwi’. Yo pa vle bagay sa kontinye konsa. Opinyon piblik pa aksèpte fraz ki rele: “Mwen pa konnen” an. Tout sa piblik la pa konnen, li mete pa li. Nan nenpòt peyi, kèlkeswa koulè ak ras moun yo, opinyon piblik pa renmen kite espas vid. Se poutèt sa wa Layòs ak rèn Jokas ap degaje yo tankou mèt Jan Jak pou yo defoune yon ti gason.

Lè Layòs wè sa pa mache pou yo, li deside al wè Orak Dèlf la. Pa gen anyen ki kache pou dye yo, yo sèl ki konnen poukisa li poko ka gen yon timoum. Yo ka di li kisa pou li fè. Men gyen yon lòt tigay, sanble li Layòs bliye sa ki te pase lè li lakay wa Pelòs la. Si mche bliye – dye yo, yo menm, yo pa bliye anyen. Yo pa bliye mechanste li te fè Krizip. Yo pa bliye rèl wa Pelòs ak madichon li te bay Layòs. Lè li rive Dèlf, li antre nan tanp Apolon an – li mande Pitia kisa pou li fè pou li ka gen yon ti gason, pitit zantray li, ki pou ranplase li sou twòn nan lè li mouri. Orak la di li: “Koute sa Layòs, pitit Wa Tèb la – sila a ki te gen ti non: Nèg bwate a – sila menm ou ranplase sou twòn nan; madanm ou pa dwe fè pitit pou ou, akoz madichon wa Pelòs te ba ou a, dye yo entèdi sa. Si pa malè ou ta fè yon pitit gason, lè li vin gran, se li k’ap asasine ou.” Koze sa a lage Layòs nan yon gwo kè sere. Li di nan kè li: pito li pat janm chèche konnen. Li kondane pou li mouri anba men pwòp pitit li.

Nan ka sa a, kisa li dwe fè? Li vin pè ale nan chanm rèn nan. Li tonbe nan pran plezi ak jenn ti gason nan palè a – pou li pa al kouche ak rèn nan. Li rive nan yon pwen, li vin pa ka sipòte ankò. Li ale nan chanm madanm li. Apre nèf mwa, rèn nan akouche, li fè yon ti gason. Li vin sonje profesi Dèlf la: “Si pa malè ou fè yon ti moun, se li menm k’ap asasinen ou.” Li pase tout tan li ap promennen nan palè a: nan lakou a, nan koulwa yo – l’ap lapriyè dye yo: pou yo padone li, pou krim li te fè a, pou yo retire malediksyon an pou li. Men, dye sa yo pa gen mantalite sa a – yo pa padone fasil. Sa ou fè a se li ou wè – sa ou plante a, se li ou rekòlte.  Yon sèl solisyon: se touye ti bebe a, pa kite li grandi. Menm lè li konnen dye yo ka fache, epi yo ka mete plis sou malediksyon li deja genyen yo, sa pa fè anyen.

Li fè rele yon moun ki konn gade mouton. Li remèt li ti pitit la. Li di-l pou li mennen li byen lwen andeyò nan raje, pou li kite la li pou bèt devore li. Anvan bèje a ale ak ti bebe a – wa a fè yo pèse boulèt pye li, se zannimo yo fè bagay sa, pou li pa sove soti na patiraj li. Li pran ti ti gason an, li fè rout la ak li, li ale sou yon mòn, ki gen anpil pye pwa, epi nan kote sa a gen anpil bèt sovaj. Sou rout la gen yon bagay ki rive ti bebe ak gadyen mouton an: sou tout rout la ti pitit la ap souri, ap ri  pou bèje a. Devan souri yon timoun, yon kè te mèt di kon wòch li pa gen dwa pa vin soup. Lè li rive kote a, li di nan kè li: “Kèt, mesye – yon si bèl ti pitit konsa pou mwen kite li nan raje a pou zannimo manje li?” Li pran timoun nan, li sot nan forè a ak li. Sou rout la, li jwenn yon mesye k’ap vwayaj, li t’ap pran direksyon Koremt. Li esplike mesye sa a istwa ti bonòm nan, li menm tou, kè li fè li mal pou li. Bèje a tou profite okazyon an pou li mande mesye Korent lan pou li pran bebe ak li. Apre yon ti moman refleksyon, li deside pran ti pitit la, ki pot ko menm gen yon non. Se konsa pitit la sove anba men yon papa ki gen kè di – pou li jwenn yon papa ki resevwa li kòm pitit li renmen.

Lavalas pa ka bwote sa ki pou ou

Sou tout rout la l’ap panse: kisa li pral fè ak ti tonton an. Se nan moman sa a li vin sonje wa ak rèn Korent te swaf pou yo fè yon timoun, yo pa janm kapab – y’ap byen kontan adopte li – konsa la tou jwenn kichòy kòm rekonpans nan men yo. Lè li rive, li pa fè ni de ni twa, li menen ti pitit bay wa Polib ak rèn Mewope, se yo ki t’ap gouvène lavi Korent lan. Se pa pou dat yo t’ap chèche yon ti moun. Sa Bondye sere pou ou lavalas pa ka pote l-ale, okontre li konn vin lage li devan pa pòt kay ou.  Lavalas la pase, li lage sa yo t’ap tann nan devan pòt yo. Yo pa ezite yon minit, yo pran ti pitit la. Menm blesi li te genyen nan boulèt pye a pa fè yo pè – si blesi sa a pa touye li, pa gen anyen k’ap rive li ankò. Yo adopte li kòm pitit yo. Ti pitit sa vin tounen sous lajwa nan kè wa Polib ak rèn Mewope. Men li pat gen non, kounye a yo dwe ba li yon non. Yo diside reli Edip, non sa vle di: “Sila a ki gen pye pèse a.” Li grandi nan men yo, yo leve li tankou pitit yo. Men yo pa janm di li sa ki te pase sa. Yo pa janm di li si se yon pitit adoptif li yo. Se nòmal, se pitit yo li ye, pa gen rezon pou yo ta di li sa. Epi devwa tout paran se proteje pitit yo. Se pa tout bagay ou di yon ti moun. Akoz de blesi nan cheviy la, li oblije mache bwete – men sa pa anpeche tout moun, ni nan palè a ni nan lavil renmen li. Tout moun te wè nan li: sila a ki gen pou ranplase wa Polib – lè li mouri.

Yon jou yo t’ap fè yon ti fèt – yo envite Edip. Gen youn nan envite yo, li bwè jouk li pa ka kontwole bouch li. Li leve kanpè ak yon vè diven nan men li, li lonje dwèt sou Edip, li di: “Ou menm, tout enteresant w’ap fè la a, pou kiyès ou pran ou.  Pa bliye, ou se yon ti moun yo ranmase.” Bagay sa tèlman fè Edip mal, li pa menm tann fèt la fini. Li leve, li monte Cheval li, li rantre nan palè a. Lè li rive, li ale dirèkteman kot Papa li. Li mande papa a pou di li tout verité sou li – pou li di li si se vre: se pa yo ki paran li. Wa anbrase Edip li sere li byen fò, epi li di-l: “Kelkeswa fason ou te rive sou tè a, sa pa gen enpòtans – se pitit mwen ou ye – mwen renmen ou ak tout kè mwen, pa gen anyen ki ka chanje sa.” Men pawòl sa ba li plis problèm ankò.

Li tonbe reflechi pou li wè kisa pou li fè nan sitiyasyon sa. Li al dòmi, petèt nan demen la wè pi klè nan koze sa. Vreman vre, pandan lanwit la, li fè yon lide. Li deside pou li ale Dèlf pou al wè Orak la ki nan tanp Apolon an. Se sèlman Pitia ki ka di li verite nan sa k’ap ravaje kè li an. Nan demen, granm maten, li sele cheval li, li pran rout la – sot Korent pou ale Dèlf. Lè li rive, li di Pwofetès la: “Di mwen, se kiyès ki vrè paran mwen?” Pwofetès la pa vle bay li yon  repons dirèk. Men li di li: “M’ap di ou sa, ou gen pou ou touye papa ou epi w’ap pran manman ou kòm fanm.” Se pa tout lè “fouye zo nan kalalouye” bon. Nouvèl sa ap rache kè Edip pi plis toujou. Li gen yon sèl sezisman. Se li menm k’ap koze lanmò papa li. Pi plis ankò li gen pou li kouche ak manman li? Sa pa ka vre. Li fè yon ide. Gen yon bagay li ka fè pou profesi sa pa akonpli. Piske manman ak papa li se nan vil Korent y’ap viv. Li deside pati lwen vil la, kote li pa rekònèt pèsòn epi pèsòn pa rekonèt li. Èske li fasil konsa? Kiyès ki ka chape anba men destine li? Vrèman vre, li pran chèval li – li pati san li pa konnen ki kote li prale. Li tonbe mache soti nan yon vil pou li ale nan yon lòt. Li pa gen okenn kote pou poze tèt li. Gwo tristès nan kè li, lè li sonje tout sa li kite – men pi plis toujou pou se li ki ta koze gwo krim sa yo profèt la di li gen pou li fè a. Men, kisa ou vle? Se lavi! Li reziye li, li pran bal li nan fon li.

Nan Chemen jennen yo kenbe chwal malen

Nan vwayaje sot yon kote pou ale yon lòt kote, yon lè Edip rive nan kafou twa chemen. Twa chemen ki vin rankontre ansanm, epi yo mennen nan lavil Tèb. Edip te sou cheval pa li an, li rankontre ak yon lòt vwayajè – li t’ap soti nan vil Tèb. Tandiske Edip t’ap antre nan vil la. Vwayajè a se yon mesye, li te kòman antre nan laj, li te gen cheve ak bab li tou blanch – li te an plenn fòm, ou te ka wè se yon moun ki sot nan gran fanmi, moun lajan – li nan lawenyay. Li te sou yon cha li, yon cha moun rich – de cheval ap rale cha a. Li te gen yon ti jenn ki te ka nan dizwit oubyen ven tan konsa. Lè w’ap kouri pou desten pa kenbe ou, ou tèlman kouri, ou vin bliye poukisa w’ap kouri. E provèb la di: se nan chemen jennen yo kenbe chwal malen. Pat gen kote pou de cha pase an menm tan,  paske se te yon ti chemen, li pat laj. Lè cha granmoun nan preske rive devan pa Edip la. Li rele byen fò pou Edip ka tande. Li di: “Mete kò sou kote, banm pase!” Edip pa tande sa li di a.  Nan moman sa a, granmoun nan pèdi pasyans li. Li rale epe li, li fonse sou Edip. Edip rale epe pa li tou. Yo kòmanse voye kout epe. Finalman, pi jèn nan – se li ki gen plis fòs – se li k’ap genyen batay la. Edip antre epe li an tout long nan trip pèsonaj la. Li tonbe, li mouri. Bagay la pase tèlman vit, sèvitè a pa menm gen tan pou li ta antre pou mete yon ola, oubyen pou li ta defann mèt li. Lè li wè mèt la mouri, li pa vle pou asasen an vin touye li tou, li chape poul li ak tout vitès. Li tèlman kouri, li vin rive yon lè, li te panse kè li tapral eklate. Men li pa ka kanpe ni li pa vle kanpe. Li al ateri nan vil Tèb. Lè li rive nan vil la, ti tonbe rele. Moun yo rasanble pou konnen sa-k genyen. Li mete de jenou li atè, li bouke, li sezi li poko ka pale. Yo bali yon gode dlo pou li bwè. Lè li fin bwè dlo  a. Li esplike moun yo sa ki pase a. Li di yo: “Wa Layòs mouri. Yon kriminèl asasinen li.” Kounye vil Tèb pa gen wa, e li pat gen pitit. Rèn nan pa ka gouvène pou kont li. Kisa yo pral fè?

Pèsekisyon Sfenks la

Twa ane anvan wa Layòs mouri, gen yon bagay ki rive nan vil la. Bagay sa fè tout moun pè, chak fwa yo rakonte istwa sa nan vil Tèb, tout moun gen chè de poul. Kisa li ye? Nan tan lontan, chak gran vil yo te gen miray ki antoure yo, te gen pòt pou moun antre epi sòti. Sou miray yo gen sòlda ki ap fè pòs lajounen tankou lannwit, pou veye pou lènmi pa anvayi yo. Vil Tèb te gen tout bagay sa yo – Yon jou gen yon Mons – se yon Sfenks ki vin kanpe sou yon bout mi ki bò pòt lavi la. Chak moun ki pase, li poze yo yon sèl kesyon. Si moun nan pa ka reponn kesyon an, li devore li. E sa fè twa ane depi mons sa kanpe la, lajounen kon lannwit, okenn moun pa janm reponn kesyon li an. Men, ki fòm zannimo sa? Yon Sfenks se youn nan dye ki ap jere lanfè – anba tè a. Li se dye ki pi mechan. Li gen yon tèt fanm. Epi tout rès kò a se kò yon lyon. Nan chak zepòl li yo, li gen yon zèl ak anpil grif nan yo.

Ou pa bezwen mande kòman tout moun nan vil la, fanm kon gason, ti moun tankou granmoun pè – manman pitit menm se mare senti. Epi se nan menm moman sa, yo pèdi wa yo a. Yo pa menm ka soti pou fè yon bon antèman pou li. Men Edip li menm toujou ap vwayaje soti nan yon vil pou ale nan yon lòt. Zafè pèsonaj li te ponyade a, sa rete nan memwa li pou yon ti moman – men li vin bliye sa byen vit. Li deja gen pwòp problèm pa li. Mete sou sa, gen bagay ki rive nou nan lavi a – menm nan rèv nou pa t’ap janm fè yo – aksidan rive. Men lè bagay sa yo rive, nou vle bliye. Sèvo nou chèche yon kote byen fon, li antere evènman sa yo. Nou pa sonje yo, jous yon jou, yon lòt evènman ki gen rapò ak sa nou antere a rive. Se lè sa a nou vin sonje sa memwa nou te antere a. Nan mache konsa, Edip vin ateri nan vil Tèb. Lè li antre nan vil la, gen yon bagay ki atire atansyon li: Tout moun tris, epi yo gen difikilte pou yo pran lari.  Tout moun sou presyon, tout moun sou tansyon – lavil la frèt – yon lapè simityè. Tristès ak lapèrèz fè moun yo sanble ak zonbi. Mche rele yon moun nan vil la, li mande-l: “Sa ki gen nan lavil la, mwen wè tout moun sou tansyon?” Moun nan di li: “Yo asasinen wa nou an. Epi nou gen mons sa ki pran lavil nou an otaj. Sa fè twa zan, pèsòn pa ka chase li.” Edip di li: “Ou di mwen wa a mouri, e rèn nan kote li ye?” Moun nan di-l: “Rèn nan la! Nan vil nou an fanm pa kòmande. Li sou responsabilite yon frè li, Kreyon. Se bòfrè wa dèfen an k’ap gouvène pa enterim. Li pwomèt pou li marye rèn Jokas ak nenpòt moun ki dechouke mons sa a. Moun sa a ap tou eritye twòn wa Layòs la.” Koze sa rantre byen fon nan de zòrèy Edip. Se yon okazyon ki prezante pou li – li lè pou li mete yon fen nan vi vwayajè pèmanan l’ap mennen an.

Edip gwo ero

Edip met deyò pou l’al konbat mèt lanfè a. Lè Sfenks la wè Edip ap vini, li fè yon ti souri. Se pa yon souri ki vle di: mwen kontan wè ou. Se yon souri ironik, ki eksprime mepri. Pou kantite moun li manje deja, gen lè yo pa bay Edip nouvèl la – pou l’ap mache vin rankontre ak zo grann li. Li deja konnen Edip pa ka genyen li. Nan fay minit l’ap manje sa. Men Edip pa pè, li mete gason sou li, li monte kanson li nan tay li. Li di bèt la: “Poze mwen mwen kesyon an, m’ap koute ou.” Sfenks la di li: “Ki zannimo ki gen kat pat nan maten, a midi li gen de epi nan aswè li gen twa?”  Match la sanble li rèd pou Edip. Li pran yon ti tan pou li reflechi. L’ap panse, si pa malè li pa ka reponn, oubyen si li ta bay yon move repons – l’ap tounen babikyou nan bouch mons la. Tout vi li pran defile devan li: moman kè kontan ak moman tristès; yo tout pran defile tankou se nan yon fil sinema. Li vire, li gade bèt la, li di-l: “Zannimo sa a se Kretyen vivan. Lè li fèt li rale sou kat pat. Lè li vin granmoun li mache sou de pye li. Epi lè li vin antre nan laj, li sèvi ak yon baton plis de pye li pou li mache.” Lè sfenks lan tande sa, li fonse sou Edip. Li fikse li nan nan je li – Edip li menm tou, li gade li nan je. Li wè je li rouj tankou yon fanm dife. Menm an menm tan, li wè nan je li: lawont ak desepsyon. Li pèdi match la. Sfenks lan voltije sot sou Edip – li voye kò li nan yon falèz ki te tou pre a. Li tonbe sou yon gwo wòch, tèt li voltije epi rès kò a fè miyèt moso.

Bay kou bliye, pote mak sonje

Ou pa bezwen mande jan moun vil Tèb yo kontan. Yo leve Edip anlè – li vin tounen yon ero. Choz di, choz fèt. Tankou Kreyon te pwommèt li a: Edip marye ak rèn Jokas epi li pran twòn dèfen wa Layòs. Pa gen Edip vwayajè ankò, men kounye a se Edip wa vil Tèb. Nan kèk ane, rèn Jokas bay wa Edip kat pitit; de ti gason: Eteyòk ak Polinis, de ti fi: Ismèn ak Antigòn. Tout moun nan vil la renmen wa Edip – li gouvène byen, menm jan ak wa Layòs. Lè li vin rive menm laj ak pèsonaj li te touye nan kafou twa chemen ki mennen nan vil Tèb la – se lè sa a lavi pase li ap tounen pou vin kale li. Bagay nou chèche antere nan fe fon sèvo nou, yo tout ap soti pou vin souflete nou.

Nan laj Edip rive a, pa gen okenn rezon pou li ta sonje pèsonaj la – sitou bagay sa a se te yon move souvni. Pèsòn pa renmen sonje move souvni. Li menm bliye paran adoptif li yo, sila yo li te vyole pitit gason yo a – ti jenn jan ki te pann tèt li a. Li bliye pwofesi Dèlf la. Men dye yo pa bliye anyen, yo gen memwa fidèl. Vin gen yon gwo epidemi ki tonbe sou moun nan vil la – ti moun, granmoun, fanm kon gason, tout mounn tonbe malad. Fanm ki ansent ap akouche timoun tou mouri. Pèp la pa gen okenn kote pou yo al rele – se devan wa yo vini. Yo vin mande wa a pou fè yon bagay pou yo, pou chase maladi k’ap fini ak pèp la. Si li te gen pouvwa pou touye Sfenks la, li ka retire gwo malè pandye sa a pou yo.

Edip pa gen lòt sekou ankò – se kote dye yo pou li ale, pou yo ede li jwenn yon solisyon ak pwoblèm sa. Yon lòt fwa ankò Edip pran chemen an pou li ale Dèlf – pou li al wè Orak la – sila menm li te al wè le li te jenn, lè li t’ap chèche konnen kiyès ki vrè manman li ak vrè papa li. Li pran rout la, li di fwa sa – si li gen chans, pwofetès la a di li kisa pou li fè. Sa Edip pa konnen, sèke yon pwofesi – gen plisyè fason li ka entèprete – li gen plizye fason li ka reyalize. Lè ou panse se pou lòt moun li ye, li gen dwa se pou ou. Lè li rive nan tanp Apolon an, li mande Pitia kisa pou li fè pou li debarase vil la anba epidemi sa a. Pwofetès la reponn, li di-l: “Maladi sa a tonbe sou moun nan vil la, paske moun lavil la gen yon gwo asasen ki kache nan pami yo. Tout tan yo pa jwenn asasen sa a, pou yo mete li deyò sot lavil la, maladi a p’ap janm sispann ravaje lavil la, paske se kriminèl sa ki te plonje epe li nan zantray wa Layòs, epi li pran lavi li.”

 Lonje dwèt sou yon mou, gen twa dwèt ki lonje sou ou

Edip retounen lavil Tèb ak indiyasyon. Pou jan li vle fè lajistis blayi nan peyi a, epi pou li gen yon kriminèl ki vin kache nan vil li a, li pa menm konn sa. Li sèmante sèt fwa sou lavi pa li, fò li jwenn moun sa epi mennen li devan lajistis pou li peye zak li fè a. Li mete moun pou chèche asasen sa. Yo mennen envestigasyon nan tout peyi Lagrès. Nan vil Tèb menm, yo fouye kay tout mou. Yo menm pwomèt yon gwo sòm kòb pou moun ki fè yo jwenn asasen an. Pa pip, pa tab – anyen pa mache. Plizyè ane pase yo pa janm jwenn moun sa. Edip fè rele Tirezyas, yon divinò. Tirezyas entèprete menm vòl zwazo nan syèl la. Entèpretasyon li yo toujou tonbe daplon. Petèt divinò a ka di li nan ki trou moun sa a kache. Elas, Tirezyas di li pa konnen, li pa wè anyen nan koze sa a. Men Edip gen enpresyon: nan fason Tirezyas reponn li an, li kache li yon bagay. Li vin pran yon ton ki pi sevè, li kòmanse menase Tirezyas, li menm di l’ap touye li si li pa di li laverite – men li pa “Brending”.

Rèn Jokas ki t’ap swiv bagay la vin sonje jou lanmò wa a, li ten gen yon ti jenn ak li – se li ki te vin pot nouvèl la nan lavil la. Lè li te vin bay nouvèl la, li te sèlman di: se yon jennonm ki asasinen wa Layòs nan kafou twa chemen tou pre Dèlf. Li pat di anyen ankò. Lè Edip tande sa, li glase kon mab. Sa rèn nan di a raple li yon bagay ki te rive-l nan menm kafou sa, menm jan an; yon kafou li konnen trè byen – nan tout vwayaj li yo, li toujou pase kote sa. Men, li di nan kè li, se de istwa ki pa gen anyen pou yo wè, youn ak lòt. Rèn nan di sèvitè a te di se yon jenn kriminèl ki fè sa. Edip pa vle konpare li ak yon kriminèl – li di nan panse li: “Se pa mwen. Menm nan rèv mwen p’ap fè yon bagay konsa. Istwa sa a pa gen anyen pou li wè ak mwen.” Rèn Jokas mande pou yo chèche sèvitè a. Men ki kote y’ap jwenn li? Depi menm jou li fin bay nouvèl la, li disparèt. Pèsòn pa konnen ki sa  li devni. Mete sou sa, bagay sa gen lontan depi li pase – sèvitè sa fin granmoun, si li pa gen tan mouri menm.

Nan menm moman sa yo, gen yon moun ki vin rive sot nan vil Korent. Li vini ak yon nouvèl ki pa bay kè kontan. Li vin anonse yo: wa vil Korent la, wa Polib mouri. Ou sonje wa Polib? Se li menm ki te adopte ti gason ki gen pye pèse a: Edip – se li menm Edip konnen kòm papa. Se pitit li Edip te vyole, ti gason sa ki te pann tèt li akoz endiyasyon. Nouvèl sa fè Edip mal, men an menm tan tou, li soulaje li. Papa li mouri, se vre. Men kounye a  profesi Dèlf la, sa ki di: se li k’ap touye papa li an – sa p’ap reyalize paske papa a mouri yon lanmò natirèl. Soulajman sa a p’ap dire lontan. Paske menm mesye ki sot Korent lan di Edip: “Wa Edip, mwen gen kichòy pou mwen di ou. Gen yon bagay sou ou, se mwen ak wa Polib ki konnen li. Li te fè mwen sèmante sou vi mwen, pou mwen pa janm divilge[21] sekrè sa a. Men kounye a, li mouri – mwen libere sot anba sèman an. Kounye a mwen ka di ou verite a.” Wa Edip mande li: “Ki verite li ye – Verite sou kisa?” Li di-l: “Se pa wa Polib ak rèn Mewope ki papa ou ak manman ou – se sèlman paran adoptif ou yo te ye.”  Sezisman pran Edip, li di-l: “Sa w’ap di konsa? Ki prèv ou genyen pou verifye sa ou di a?” Mesye a di wa a: “Se mwen menm ki te pran ou nan men bèje a, sou rout ki mennen Korent la – Epi se mwen menm ankò ki te pote ou bay wa ak rèn nan. Yo pat ezite adopte ou, menm lè ou te gen boulèt pye ou pèse. Se yo menm ki te ba ou non Edip, ki vle di ‘Sila a ki gen pye pèse a.’” Li kòmanse tranble pi plis ankò, li di mesye a: “Men, ti pitit sa a, nan men kiyès ou te pran li?” Nan menm moman l’ap di sa, gen yon lòt mesye, li te pi granmoun pase sila ki sot Korent la – li fann foul la, li vin devan. Se yon bèje – li pa wè byen epi vwa li kòmanse febli. Lè li pale, fò yon moun pote anpil atansyon pou li ka tande sa l’ap di a, mete sou sa, li pa tande byen. Lè li rive devan, li kòmanse pale – menm lè yo pa fin ka konprann tout bagay, men nan ti sa yo ka tande l’ap di yo, gen dekwa pou tout moun tranble. Li vire gade mesye ki te sot Korent la, li di li: “Mwen sonje ou trè byen ou menm ki sot nan vil Korent la. Vrèman vre, se ou menm. Se mwen menm ki te konfye ou ti bebe a ki te gen boulèt pye pèse a. Papa li te vle pou mwen te kite li nan raje a pou bèt manje li. Mwen pat gen kouraj fè gwo krim sa a.” Edip mande yon chèz, li vin pa ka kanpe. Li kòmanse santi Finisman istwa a p’ap bon pou li. Li di bèje a: “Ti bebe sa a, se ki moun ki te ba ou li? Kiyès ki te papa li?” Bèje a reponn li, li di-l: “Paran ti pitit sa a se te wa Layòs ak rèn Jokas.” Vwal la leve. Pa gen dout ankò – Edip se pitit wa ak rèn Layòs ak Jokas. Lè bèje a fin pale. Rèn Jokas ki t’ap koute – li tonbe, endispozisyon pran li. Se frote yo vin frote li, pou li revini.

Edip fè tout sa ki nan pouvwa li pou li chape anba men desten – li konn kouri men li pa konn kache. Depi apre premye profesi Dèlf la, l’ap vwayaje, l’ap kouri pou profesi a pa reyalize, men tout kouri yo se te lave men siye atè. Olye li kouri lwen sa li pè a, san li pa konnen li kouri antre dirèk anba vant li. Edip touye papa li Layòs – epi li marye ak manman li rèn Jokas.  Lè tout moun fin ale Edip tonbe chèche manman li tout kote, li pa wè li. Li fè yon lide pou li al gade nan chanm rèn nan. Lè li rive, vrèman vre, li jwenn rèn nan pandye nan yon kòd, li mouri. Jokas te gen de agraf nan rad li. Edip gen yon sèl raj ki pran li. Li pran de agraf yo li foure yo nan je li – li bwase yo byen bwase – li eklate tou de je li. Li pa vle wè anye devan li ankò: ni limyè, ni moun. Li kite vil Tèb ak youn nan pitit fi li yo: Antigòn. Edip pran rout pou yon dezyèm – li kòmanse mache de vil an vil. Men fwa sa san de grenn je li. Kote li pase, moun yo ap lonje dwèt sou li, pale li mal. Nanpwen yon kote ki vle akeyi li: li vin tounen yon avèg, yon egzile – yon jwiferan, san peyi, san fanmiy, san zanmi.

Lè ou fin li istwa sa, sa gen dwa fè ou tris – sa gen dwa menm mete yon pèrèz nan tèt ou. Men ou dwe mande: ki leson ou tire nan istwa sa? Pi plis toujou, fò ou ta mande: èske Edip koupab? Koupab nan kisa? Li touye papa li – men eske li te konnen se papa li? Se nan fè lejitim defans ki fè sa rive, si non se li ki t’ap mouri. An plis, li te gen maledisyon dèyè li. Se vre li fè sèks ak manman li, men èske li koupab nan sa tou? Li pat konnen. Li te ti bebe lè papa retire li nan men manman an – ni pitit la ni manman an pa koupab anyen nan sans sa a. Tout sa ki pase yo te dwe rive. Destine Edip kole sou li, tankou po kò li kole sou li. Plis l’ap koure pou dram sa yo pa rive, se pi plis sa vin pi fò pase li.

Edip madichonnen – sa ki rive nan lavi li an, se sa yo rele yon “efè domino”. Si ou mete tout bout domino yo kanpe youn apre lòt, ou touche dènye bout la, li tonbe sou yon lòt ki al tonbe sou sa ki vini apre li an, jous rive sou premye bout la. Dye yo modi Layòs. Pou li chape anba malediksyon sa a, se Edip, ti pitit li an, li voye nan bouch lanmò. Edip madichonnen depi menm anvan li tonbe nan vant manman li. Gen bagay ou pa gen pouvwa sou yo, yo rive lè yo rive: se chèche jwenn yon fason pou ou jere sa, lavi kontinye. Edip parèt pou mechan nan istwa a. Men, li ban nou yon leson: “konsyans”. Li se yon gason ki dwat, li se patizan lajistis. Konbyen fwa ou jwenn yon chèf ki gen tò, olye li aksepte tò li, li fè wont sèvi kòlè – se lòt moun li tonbe akize. Edip dekouvri malè ki rive li an. Li konnen li se chèf, tout moun gen je fikse sou li. Li se yon modèl. Se moman pou li sèvi kòm modèl sa a. Li te ka di se pa fòt li, epi lavi kontinye – e se vre se pa fòt li. Si ou pa konnen si ou koupab, sa pa fè ou inosan pou sa. Menm lè li pat konnen si li gen tò, lè li vin konnen, li deside peye sa li fè a. Se vre li ale twò lwen, men sa sèvi leson: fò nou gen konsyans epi aplike lajistis, menm lè se nan kan nou boul la tonbe.

Share This Post

CHANGE A LIFE TODAY

You can sponsor a child so they may participate in the scholarship program. The cost is $25USD per year which is about $32CAD.

We send sponsors a picture of the student as well as a letter from the student. We also keep the sponsor informed of the student’s progress.

Sponsor a child now!