Se nan jenès peyi a pou nou envesti

Zanmi,

Ou pa konnen kijan vizit ou sou paj nou an fè nou plezi. Jous jounen jodi a, gen anpil moun, depi yo tande mo entelektyèl sa fè yo pè. Ou pa dwe prese jije moun sa yo – Ou toujou jwenn moun ki di : se entelektyèl yo ki mete peyi a nan sitiyasyon sa. Sa yo di a, èske se vre ? Kilè ou ka di yon moun se yon entelektyèl ? Nou kite ou, pou ou menm ou jwenn yon repons pou kesyon sa yo.

Opinyon pa nou : nou kwè li enpòtan pou yon peyi gen yon elit entelektyèl. Klas entelektyèl la se kolòn vètebral peyi a. Se sa ki fè lè yon diktatè pran pouvwa nan yon peyi, premye sa fè, li atake group moun sa yo. Menm jan se kolòn vètebral yon moun ki pèmèt li kanpe, ki pèmèt li mache, ki pèmèt li pran direksyon nò ou sid – se entelektyèl yo ki trase bon direksyon pou peyi a pran. Lè yon peyi pa gen yon elit entelektyèl, peyi sa a tankou yon kò san kòlòn vètebral – li pa menm ka rete ajenou, se kouche li kouche, li pa fouti leve. Koripsyon ak medyokrite blayi kò li sou kòtòf lèstonmak tout enstitisyon yo. Olye yo fòme ti pepinye – ti tchovi yo – pou yo aprann yo reflechi – yo pito mete zam nan men yo – fè youn ap touye lòt. Pepinyè entelektyèl pa boujonnen. Se gang k’ap pouse nan tout bidon vil tankou djondjon. Dezòd la profite anpil moun. Yo bay tijèn yo yon senk san goud, de twa ponyen dwòg ak kèk boutèy alkòl, voye yo al fè dezòd, rele ‘‘aba’’. Yon jenès san edikasyon se pi gwo zam nan men politisyon koronpi.

Kanta pou klas moun rich yo menm : ki mele Bondye nan grangou chyen. Lavi chè ki mete pye sou kou malere regle zafè yo – yo kontinye ap vin pi rich. Se pa yo tout, men anpil nan yo, se pa mele yo, paske yo gen lòt paspò. Pitit anpil nan yo ap etidye nan peyi etranje. Nou tonbe nan yon mantalite: “naje pou soti,” oubyen “vole pou soti.’’ Nan kontèks naje pou soti sa, anpil nan jenn nou yo pati ale nan lòt peyi, swa nan Karayib la oubyen an amerik sid.

Tout moun ap chèche fè lajan. Sa ki tonbe nan fè imanitè – men anpil fwa se pou ede tèt pa yo. Legliz ap pouse tankou zèb nan tout ti kwen – pastè ap ankouraje fidèl pou fè jèn ak vèy de nwi – chak jou gen legliz – chak jou gen kèt. Konpetisyon nan legliz : ki moun k’ap bay pi gwo kòb. Legliz katolik ki te yon men ouvè ak yon vwa pou gide: pèdi vwa li, epi sanble men li kache nan pòch li. Se pa legliz pa mwen an – sa kapab lidè san konsyans. Vodou a menm se pa pale – menm si gen bagay ki bon ladan li. Men li devlope espri pèrèz ak espri paranoya nan nou – nou toujou panse gen yon moun k’ap fè nou, vwazen an se lènmi. E lè ou gen yon lènmi fò ou elimine li anvan li fini ak ou.

Lekòl tounen yon bòlèt – chak ti kwen gen yon lekòl, youn pi mal pase lòt. Lekòl ki gen ti prestij ak profesè ki pa mal – lekòl sa yo tèlman chè, malere pa ka proche, epi anpil nan yo se an dola ameriken, pa sesyon yo peye. Gen nan lekòl sa yo ki rive nan mil sèt san dola ameriken pou yon ane – si ou pa gen frè penalite ak ratrapaj; tou sa nan yon peyi kote se yon dola ameriken pou yon ayisyen pou yon jounen. Ou gen enpresyon gen plis konje pase jou lekòl : konje pou Imakile Konsepsyon, konje pou Latousen, konje pou gede, konje nwèl, konje kanaval, konje pak – zafè konje sa a, li dekrete yon pènans.

Si gen yon ti santiman patriyotik, li tonbe nan yon gwo somèy byen lou. Li fè yon ti reveye sèlman : dizwi me, premye janvye, dizwi novanm – pafwa lè gen kanaval.

Nou bezwen rebati klas entelektyèl peyi a. Pou byen di ou, sa ap pran tan. Men sa pa dwe fè nou dekouraje. Nou dwe fè sa ameriken yo rele : grassroot movement. Sa sa vle di? Nou pase tan n’ap fè swadizan revolisyon nan kraze brize. Vrè revolisyon an se nan mantalite pou nou fè li. Se ak sila yo ki pi pitit yo pou nou kòman. Edikasyon sivik ak moral, se chemen pou fè timoun k’ap grandi yo gen gou pou lajistis, ak bon jan entegrite moral. Dekouvri Jewografi, nati, peyizaj se rout pou devlope lespri patriyotik lakay ti jenn nou yo. Espò : ap fè nou byen nan po nou, epi fè nou viv ak lòt yo. Gou pou bote nan mizik tou kalite, nan desen-penti, dans ak teyat, bon jan sinema, konpetisyon nan deba : kritik/lojik-entelektyèl – aprann manje bagay ki natirèl, bagay yo prodwi nan tè a; aprann renmen sa nou ye men an menm tan aprann pran konsyans gen lòt peyi ki tou pre nou, yo pa lènmi, nou ka konstwi bon jan relasyon solid ak yo, nou ka pran egzanp sou sa ki bon lakay yo … tout bagay sa yo ak anpil lòt ankò – se zouti pou nou bati klas entektyèl peyi nou. Bagay sa dwe kòmanse bònè, lè moun nan tou piti – se sa ki Grassroot Movment n’ap pale a se sa – se yon revolisyon nan panse ak nan mantalite  – pi bonè se granm maten, nou dwe kòmanse nan laj ki tou piti yo.

Nou pa fè sit sa paske nou panse nou gen yon bagèt majik, nou ka sèlman souke li epi nou chanje tout bagay. Men nou konte kleronnen mesaj sa, jiskase anpil moun tande li epi nou rive pran konsyans. An menm tan, nan ti mezi limte nou genyen,  nou vle trase egzanp nan edike ti jèn nou yo. Nou kòmanse travay : nan fè kan ete pou jèn yo, sitou sila yo ki nan zòn pi rekile epi defavorize. Nou pa la pou nou bay lajan, paske nou pa genyen. Men si ou vle ede nou, ou ka kontakte nou sou kontak sit sa a. Oubyen ou ka vizite paj facebook nou :

Fr. Dom.

Partagez cet article

CHANGE A LIFE TODAY

You can sponsor a child so they may participate in the scholarship program. The cost is $25USD per year which is about $32CAD.

We send sponsors a picture of the student as well as a letter from the student. We also keep the sponsor informed of the student’s progress.

Sponsor a child now!