Istwa Promete: “yon revòlte” Ak Istwa Pandò : “yon kado anpwazone”

Nan mitoloji Grèk

Yon Koleksyon Kreyòl pale, Kreyòl Konprann

Pou: Camoëns Zicky Daniel

Sa poko janm rive-w, pou ou mande ; jan bagay yo ye la a, èske yo pa ta ka pase yon lòt fason ?Poukisa se konsa bagay yo pase ? Kisa ki koz se konsa yo pase ? Poukisa se konsa ou ye ? Poukisa ou pa yon lòt fason ? Kisa ki koz se konsa ou ye ?

Jounen jodi a, lè ou di yon moun yon pawòl, li di ou : sa a se yon mit. Sa vle di moun nan kwè se yon manti ou ba li. Tout kesyon nou sot poze la yo, se yon seri kesyon moun nan peyi Lagrès te konn poze. Tankou, poukisa gen zeklè ? Poukisa lapli tonbe ? Ki lè tè a egzite ? Kiyès ki kreye li ? Devan fòs yon gwo siklòn : èske pa gen yon reyalite ki pi fò pase siklòn sa a k’ap fè li mache? Devan chak fènomèn nan lanati a, nou etone, n’ap adimere – n’ap poze kesyon. Men an menm tan grèk yo chèche yon jan, nan fason pa yo pou yo reponn kesyon sa yo. Se nan anvirònman sa a mit grèk yo parèt. Yo sanble kont – krik, krak – bagay ki pa vrè. Yo pa la pou di ou yon istwa ki te pase : nwa sou blan, yon moman ak yon kote – yo la pou fè reveye nan ou ‘‘swaf pou-w konnen’’, yo la pou pouse-w pou poze kesyon, sou lavi, egzistans, destine, fòs ki depase nou, soufrans, maladi, elatriye.

Nou pa envante istwa sa yo. Yo te kòmanse rakonte mit grèk twa mil ane anvan Jezi te fèt. Nou sèlman tradwi yo, epi entèprete yo, nou ajiste yo nan kreyòl ayisyen an – pou nou mete yo nan dispozisyon tout moun nan pèp ayisyen an ki zanmi istwa k’ap fè yo reflechi. Nan menm kou a, nou vle fè bèl lang kreyòl nou an antre nan yon dyalòg ak ansyen lang sa yo : Grèk la ak Laten an.

Fr. Dom.

P.S. Pa neglije li not ki anba paj yo.

Kiyès sa a ? se pa yon kretyen vivan. Li mache tèlman vit, epi li pa fè okenn bwi – ou pa menm tande yon ‘‘ti krik’’ lè l’ap vini – se tankou yon lonbraj. Li antre tou dousman – men byen vit, an sekrè – anbal chal nan palè dye yo sou mòn Olenp la – se nan palè sa a tout douz pi gran dye yo ap viv. Kat deyès, ywit dye an total :Zeús-Dzous,Ἥρα-Era, Ποσειδῶν-Pozeyidon, Ἀθηνᾶ-Atena, Ἄρης-Arès, Δημήτηρ-Demetè, Ἀπόλλων-Apolon, Ἄρτεμις-Atemis, Ἥφαιστος-Efayistòs, Ἀφροδίτη-Afwodit, Ἑρμῆς-Èmès, Διώνυσος-Dyonizòs. Menm si li p’ap viv sou mòn Olenp lan, men li menm tou, li se yon dye. Li rele Προμηθεύς-Promete. Kisa li vin chèche sou mòn Olenp lan ? Poukisa se an katimini li vini ? Jan li vini an montre sa li vin fè. Li vin fè yon bagay, li pa vle lòt yo wè sa. Men kòman li fè antre ? Se yonn nan pami sila yo k’ap viv sou mòn nan ki nan konplisite ak li, zanmi li, Atena : deyès ki responsab tout sa ki gen pou wè ak sajès, tatik militè, zèv astisik, mòd ak stil nan sa ki gen pou wè ak abiman – pou chèlbè ak elegans. Se li ki fè yon fason pou Promete antre nan palè Dzous la. Men se kisa li vin chèche? Li vin vòlè ti kal nan flanm dife dye yo pou li pote bay kretyen vivan de bwa balanse, san defans. Èske li pa konnen chatiman ki rezève pou moun ki fè yon zak konsa ? Li konnen byen pròp. Li konnen l’ap fè dèt, se pwòp dèye li k’ap peye sa. Li pa pè konsekans yo – se pou sa yo rele li : Pwomete – rebèl la.

Nan Kòmansman

Pran ti chèz ou, chita pou ou ka tande gwo koze sa a. Si ou se patizan Kris la, si ou se Mizilman, si ou se Jwif, si ou se Vodouyizan – w’ap li istwa sa a, pou ou konprann li fò ou mete tout sa ou kwè yo, ak tout mantalite pa ou an sou kote pandan w’ap li. Ou met vite tout sa ou konnen yo, pou ou gen yon tèt ki vyèj. Paske si ou kòmanse konpare sa w’ap li yo ak bagay k’ap pase nan mantalite epòk ak kote w’ap viv la ; si ou kòmanse konpare yo ak sa ou konnen epi ak sa ou kwè, ou p’ap konprann anyen. Pa konpare anyen nan istwa sa ak sa ou konnen yo. Imajine ou rive nan yon peyi, ou pa konnen pèsòn – tout bagay etranj pou ou.

Sa pase nan tan lontan – gen moun ki menm di se depi nan kòmansman. Tout syèk tan nou konnen jodi a, nan epòk sa a yo te apèn kòmanse – tout bagay te kòmanse. Anvan tout sa ou ka wè yo, se te χάος-Kao ki te egziste. Kao a se yon gran dezòd – tout bagay tèt anba, anyen pa nan plas yo – Kao se youn nan premye dye yo ki te egziste, li pa gen vizaj, li pa gen fòm – nou deja di ou, se dezòd. Pot ko gen yon κόσμος-Kòsmòs. Kisa kòsmòs la ye? Lè n’ap pale de syèl ak tè a, ak tout sa ki ladan li, nou di : Kòsmòs. Men nan lang grèk la Kòsmòs vle di : lòd. Fò ou fè yon efò pou ou konsantre, si non w’ap pèdi. Anvan nou ale pi lwen, n’ap repete sa ki esansyèl nan sa nou sot di la a. Premye sa ki egziste se Kaòs. San pèsòn pa konnen kòman, ni pou ki rezon Kao anfante Kòsmòs.

Premye sa ki egziste se yon gwo dezòd – non dezòd la an grèk se Kao. Li fè yon pitit, pitit sa a rele Lòd – non grèk li se : Kòsmòs. Nan menm moman sa a, Γαῖα-Gaya vin egziste. ‘‘Gaya’’ yon non grèk, li vle di Latè. Tè a se yon manman. Menm jan ak Kosmòs, yo pa konnen kondisyon ki pèmet li egziste. Gaya fè yon pitit gason li rele li Οὐρανός-Ouranòs. Non sa vle di syèl nan lang grèk la. Ouranòs kouche ak manman li Gaya, yo fè yon pakèt timoun. Se nan pami timoun sa yo nou jwenn sila yo ki rele Τιτανίδες-Titan yo : se dye ki gen gran tay epi ki gen gwo fòs, yo fò nan fè lagè. Ou jwennκύκλωψ-Siklòp : sila yo tou, yo gen gran tay, men yo lèd epi yo gen yon sèl grenn jen ki nan mitan fron yo. Apre sa ou jwenἙκατόνχειρες-Ekatonchi yo : se sila yo ki gen gran tay, epi yo chak gen san bra nan tout kò yo. Nou pa la pou nou rakonte ou sou ras ak jenerasyon dye yo. Nou te fè ti rale sa sou kèk nan fanmiy dye yo paske li enpòtan pou nou te fè ou konnen kote titan yo soti. Paske istwa nou pral rakonte ou la mete sou sèn nan de nan titan yo.

Titanomachi : Batay Titan yo, pou pouvwa

Tankou nou deja di ou : istwa n’ap rakonte la a gen rapò ak group titan yo, pou lòtnon yo, yo pa enpòtan pou istwa sa. N’ap raple ou : titan se pa non yon dye, se non yo bay sila yo ki fè pati premye jenerasyon dye. Tankou afriken pa non yon moun, men se non tout moun ki fèt sou kontinan ki rele afrik la. Gen youn nan titan yo ki rele Ιαπετος-Jafè – Li marye ak Κλυμηνη-Klimèn. Yo fè kat pitit: Ἄτλας-Atlas, Μενοίτιος-Menoetyòs, Ἐπιμηθεύς-Epimete ak Προμηθεύς-Promete. Nou te di ou, nou pa t’ap rakonte ou anyen sou fanmiy dye yo, paske li pa fasil pou kenbe tout non yo, epi relasyon an fanmiy toutjou konplike. Se dènye a sa. Kounye a n’ap antre danble nan vrè aktè istwa a.

Promete ak Epimete pa sèlman de frè, yo se de bon zanmi tou, youn te renmen lòt. Promete te toujou la pou proteje Epimete. Non Epimete siyifi : sila a ki reflechi apre li fin aji. Tandiske non Promete siyifi : sila ki reflechi anvan li aji. Li gen klèvwayans ak pridans. Non yo mache ak pèsonaj yo ye a. Ou ka konprann poukisa Pwomete toujou trè pròch frè li, paske li vle proteje li pou li pa tonbe nan tchouboum.

Promete se yon prevwayan, yon klèvwayan – li kalkile tout bagay anvan menm yo rive. Sa se yon gwo kalite, yon kalite ou pa jwenn fasil. Se pou sa tout dye yo te gen anpil konsiderasyon pou Promete, yo te renmen li, paske li itil. Nan menm moman sa yo, te gen gwo gè – yo te rele gè sa Titanomachi – Titan yo ap batay pou pouvwa ak jenerasyon dye yo rele olenpyen yo. Chèf lagè a se Dzous. Li t’ap chèche jete papa li – sot sou twòn nan. Papa Dzous te rele Χρόνος-Kronòs, se li menm ki papa epi chèf tout dye yo. Men tout pitit Ouranòs ak Gaya yo : sitou titan yo, yo pran pati pou Kronòs. Yo leve kont Dzous. Men gen yon sèl nan titan yo ki pa ladan li, li antre nan batay la pou defann Dzous – nan kou a, li konvenk frè li Epimete pou fè menm jan ak li. Ou sonje: Promete se sila a ki reflechi anvan, se klèvwayan an. Si li pran lapati pou Dzous sa vle di li deja wè se li k’ap genyen batay la. Promete di Dzous : ‘‘Pa dekouraje, se ou menm k’ap pote laviktwa. Si mwen te wè ou t’ap pèdi, mwen pa t’ap pran pou ou.’’ Promete fè frè li vin patizan Dzous, li ofri li fòs, tatik, ak tou sa ou konnen ki ka fè yon moun genyen yon konba. Li se youn nan pi bon patnè Dzous nan moman difisil yo. Men èske li menm l’ap rann li resipwosite a ? Se gran mèsi Promete ki fè Dzous genyen gwo batay yo rele Titanomachi a.

Dzous sou pouvwa li

Dzous genyen batay la. Sa prouve, nan pami dye yo se li ki gen pi gwo pouvwa. Li mete papa li nan prizon ak tout patizan li yo. Li pran twòn nan. Li enstale tèt li : wa ak pi gran dye. Li pran posesyon dife a. Zèklè nan syèl la se li ki kontrole sa. Chak lè gen yon kout zeklè, se Dzous ki voye li – e se li menm tou ki fè lapli tonbe. An reyalite, li se yon kong nan maza, yon towo gronde, yon matadò sipèb. Li se sèl kòk chante. Li chwazi mòn ki pi wo nan peyi Lagrès la, Mòn Olenp la, li etabli katye jeneral li la. Se sou mòn sa a palè douz pi gran dye yo ye. Paske yo rete sou tèt mòn Olenp lan, yo rele yo olenpyen.

Apre tanpèt kalmi

Lagè fini, Dzous etabli yon rèy kote gen lapè epi avèk yon yerachi. Men dye yo pa renmen sa – yo renmen lè gen lagè ak gwo batay, paske se nan anbyans sa preske yo tout te pran nesans yo. Yo renmen wè lè gen lòt k’ap souvri. Yo ale kot chèf la, Dzous, yo mande li pou li fè yon bagay. Yo pa ka viv san lagè. Wa dye yo, dakò ak yo. Li fè rele yonn nan pitit gason li yo, Efayistòs – Efayistòs se dye ki responsab zafè dife ak travay nan fòj. Se Efayistòs ki responsab pou li fè zam ak lòt zouti ankò pou dye yo. Fwa sa a, se pa pou li kreye yon zam oubyen yon zouti. Dzous mande li pou li envante yon jwèt pou dye yo ka amize yo. Pou li kreye yon bagay k’ap pote amizman ak divètisman pou yo.

Kreyasyon moun : pou divètisman dye yo

Lè Efayistòs rive nan atelye li, li kòmanse fè tèt li travay. L’ap mande : ‘‘Kisa mwen dwe fè pou fè kè dye yo kontan ?’’ Apre yon bon moman refleksyon, li fè yon lide. Li vle melanje tout eleman nan inivè a, men sitou kat pi gran eleman yo : Lè, Dlo, Dife ak Tè. Men pou li reyalize plan li gen nan tèt li an, l’ap bezwen èd tout lòt dye yo. Li konvoke yo tout. Lè yo rasanble, li esplike yo pwojè li genyen an. Li di yo: “M’ap bezwen èd nou chak pou pou mwen reyalize plan mwen genyen an.” Yo tout dakò, yo di li: “Nenpòt sa ou vle a, n’ap ba ou li.’’ Osito li tande sa, li kòmanse travay, li melanje tout eleman yo ; lè, dlo, dife, tè – men li mete yon seri lòt bagay nan melanj sa tou. Lè li fin fè melanj la, li pran li, li travay li – li fòme kò tout sa ou konnen ki gen lavi sou tè a : zannimo tankou moun. Li kreye sila yo ki pou viv nan dlo, sila yo k’ap vole nan espas, sa k’ap mache sou tè ak de pye epi ak kat pye – sa k’ap ranpe tankou koulèk oubyen cheni. Yo dwe jwenn nan men dye yo ekipman ki pou pèmèt yo viv selon mòd vi yo pral mennen an. Sila yo ki ap naje nan dlo yo, ap gen najwa, sila ki pral viv nan raje, nan fredi pral gen gwo po byen di, pwal ki kouvri tout kò yo, genyen k’ap gen sabo, gen lòt k’ap gen grif, epi gen lòt menm k’ap gen bèk, elatriye… Y’ap rele yon zannimo – paske yo gen lavi nan yo. Li kreye yon dènye kategori ki sanble tèt koupe ak dye yo, y’ap rele yo moun oubyen kretyen vivan. Men se te gason sèlman Efayistòs kreye – potko gen fanm. Se yo menm ki pral tounen jwèt, nan men dye yo. Y’ap ka fè sa yo vle ak kretyen vivan yo, jan sa fè yo plezi – pou yo amize – y’ap itilize yo tankou yon moun ap fè yon maryonèt danse: vle ou pa. Chak dye yo pote kado yo genyen pou vivan yo: zannimo tankou moun.

Distribisyon kado

Lè Efayistòs fin travay, li rele Dzous pou montre li sa li fè. Lè wa dye yo rive, li wè bon travay Efayistòs fè – li felisite pitit gason li an. Kado pa li pou tout vivan sa yo, se yon pòsyon nan souf li – li soufle sou yo tout, ni kretyen vivan yo tou, yo vin gen lavi nan yo. Li rele de nan titan yo : Promete ak Epimete, de frè. Dzous ba yo yon misyon. Li mande yo pou yo distribye kado bay yo chak – kado ki apropriye ak espè epi ak mòd vi yo pral mennen an.

Epimete tèlman kontan misyon sa, li tèlman eksite, li tonbe kole nan kò frè li Promete pou-l kite-l bay kado yo. Promete ak Epimete pa pote pantalon pou bèl twèl. Yo pa pote non yon pou ryen. Nou sot di ou non Promete siyifi : sila a ki reflechi anvan. Si gwo non touye ti chyen – li p’ap mouri anba non sa – vrèman vre, Promete pa janm fè anyen san li pa reflechi anvan : pou li wè pozitif ak negatif. Li se sila a ki gen klèvwayans, paske li panse anvan li aji, li wè klè nan tout bagay – li se yon prevwayan : nan panse-l, li wè tout sa ki gen pou rive, anvan menm yo gen pou rive. Men yon lòt kote, frè li a, se yon veritab tèt cho – li se mesye : “Si-m te konnen toujou twò ta.’’ Li toujou prese pou li aji san li pa reflechi, se lè li fè fas ak konsekans aksyon li – se lè sa a li reflechi. Non li, Epimete siyifi : sila a ki reflechi apre.

Pou sa ki gen pou wè ak distribisyon kado yo, ou sonje nou te di ou jan Epimete te eksite pou li fè sa. Frè li Promete konnen tanperaman li trè byen. Men paske li renmen li, li pa ka refize li sa. Promete bay Epimete misyon pou li fè distribisyon an – li menm, li pati al regle lòt biznis. Epimete pa pran tan, lapoula li kòmanse travay. Li bay jiraf yon gwo kou, ak pwal sou po li, pou li ka wè lwen epi pou li ka lonje kou li pou pran manje oubyen pou li bwè dlo. An menm tan tou li ka wè bèt sovaj k’ap vin pou atake li, menm lè yo byen lwen. Li bay lyon pwal pou reziste anba move tanperati, vitès ak fòs, epi grif ak dan ki byen file. Li bay zwazo ki rele èg la kapasite pou li vole byen wo, li ba li vitès ak de grenn je ki wè byen lwen, menm anba lanmè li ka wè pwason li vle manje a. Tout zannimo yo defile youn apre lòt, yo tout jwenn sa yo bezwen pou yo viv : proteksyon, abilite, fasilite pou yo ajiste yo ak anvirònman yo, fason pou yo defann yo.

Tout bèt yo fin ale, epi tout kado yo fin bay. Se nan moman sa menm, Epimete vin sonje, gen yon bagay li pa fè. Kisa li ye ? Men tout moun yo rete devan li ‘‘yanm kale.’’Mche tonbe grate tèt. L’ap mande : ‘‘Kisa mwen pral fè?’’ Se nan menm moman an Promete retounen pou li vin enspekte bon travay frè li fè. Men kisa li wè ? Katastwòf! Foul moun yo kanpe devan Epimete toutouni, y’ap tann – Epimete menm bouch gran ouvè, epi tèt cho devan yo. Lè-l wè frè-l, li santi li soulaje – paske li konnen Promete pral degaje-l tankou Mèt Jan-Jak, pou li ranje koze a. Vrèman vre, Promete fè yon lide – li vle al kot Dzous pou mande li pou ede li nan sitiyasyon sa a. Lè li rive li esplike li sa ki pase a, li mande pou-l ede-l. Dzous koute li. Lè li fin pale, li di-l : ‘‘Kisa ou bezwen nan men mwen ? Kòman mwen ka ede ou ?’’ Promete di li : ‘‘Yo bezwen bagay pou yo kouvri kò yo, yon mwayen pou yo kwit manje.Yo bezwen zam pou proteje tèt yo pou bèt sovaj pa devore yo. Yo bezwen limyè pou klere je yo leswa, lè li fè nwa. Pou fè kout met nan makout, y’ap bezwen dife, paske ak dife a y’ap ka fè tout sa yo bezwen.’’ Dzous dakò pou li bay kretyen vivan dife pou fè sa yo bezwen yo. Li pran baton ki te nan men li an, li frape li kote li kanpe sou mòn Olenp la, yon sèl kout zeklè tonbe sou pye bwa yo, flanm dife parèt nan branch pye bwa yo. Se sa moun yo te bezwen. Kounye a yo gen dife – yo ka envante zam, mete fè nan dife pou li vin mou pou yo ka fè rou pou kabwèt yo, yo ka envante tout kalite fason pou kwit manje. Yo menm ka kreye fason pou koud rad pou mete sou yo yo. Kado dife a, se kado abilite Dzous bay ras lèzom – abilite pou yo envante – abilite pou devlope teknoloji a. Dife a ak entelijans yo se sa k’ap fè yo viv. Yo ka pike pou pi devan. Kounye a, èske kretyen vivan ap toujou bezwen dye yo?

Dye ak moun viv nan tèt ansanm

Ras lèzom ap byen mennen – bagay yo bèl nan men yo. Kè tout moun kontan – pa gen maladi, pa gen travay di pou manje – plant yo pouse san yo pa simen. Gen yon sèl sezon, toujou gen bèl flè. Sèl ti diferans ki genyen, sèke : moun yo ka mouri men dye yo pa ka mouri. E menm la ankò, kretyen vivan te konn viv anpil tan sou tè a. Lè lè a rive pou yo mouri, san soufrans, ni yo pa vyeyi – yo tonbe nan yon gwo somèy.  Ὕπνος-Ipnoz, li se dye ki responsab zafè somèy vini, li pran moun ki tonbe dòmi an, li mennen li nan yon gran teren ki genyen anba tè a, yon kote ki plen ak pyè bwa, bèl flè ak bon jan jaden zèb – yo rele la Jaden-Elize, Chan-Elize yo. Se nan jaden sa moun sa al viv pou tout tan, kote sa a pa gen lanmò ankò.

Dye yo ka kreye – kretyen vivan gen dife, yo ka kreye menm jan ak dye yo – pa menm jan, men preske menm jan. Yo sanble – se pou sa vin gen yon rapwochman – paske nan mitan tout sa ki sanble, youn atire lòt. Se te tout tan dye yo ak moun yo te konn rasanble pou yo fè gwo fèt, epi banbile nan manje. Lavi a tèlman bèl, nou ka menm mande; èske se pa sa nou rele paradi a ? Sanble lèzòm prèske bliye : moun rete moun, dye yo rete dye. Toujou gen gwo barye sa ki separe de reyalite sa yo. Pa ka gen egal-ego, sa p’ap janm rive.

Tab la chavire – Jwèt la chanje

Dzous ap gade lavi ak relasyon ki gen nan mitan moun yo a dye yo, sa vin tankou yon manje fad nan bouch li. Li fatige ak vi sa. Li pa renmen wè melanj ki genyen an : moun ak dye yo chita sou menm tab ap fè fèt, ap dekoupe kòpyèz. Li santi yo pran yon dimansyon ki twò gran pou sa yo ye a – yo vole twò wo, yo depase limit yo. Li di: “èf-ifi, è-nini. Zafè pou ras lèzòm chita tèt pou tèt ak dye yo, sou yon menm tab, se koupe-m sa sèk. Li lè li tan pou mwen mete yo nan wòl yo. Mwen pral fè yo konnen plas yo.’’ Li reflechi pou wè kijan li pral fè sa. Li vini ak yon lide, li fè pase yo kominike pou dye yo ak pou moun. Pou mete disiplin, li vle gen yon lòd nan mitan dye ak moun : yo chak dwe gen limit. Depi nan moman sa menm : Dzous anlè tou dye yo ak tou moun yo epi ak tout sa ki egziste. Tout lòt dye yo vini apre li, epi anba dye yo ou jwenn tout kretye vivan. Tout dye ak tout moun yo dwe rete nan limit yo. Malè pou sila a ki pèdi wòl li. Sa li jwenn se pa li.

Dzous fè òganize yon gwo fèt. Pou li gen asirans, tout moun konnen lòd li pase a. Epi, pou li ka mete li an aplikasyon. Sa ap dènye fèt ki òganize pou moun yo ak dye yo an menm tan. Fèt sa ap fèt sou fòm yon sakrifis pou dye yo. Depi nan mo sakrifis la, ou deja wè ide separasyon – paske sèl dye yo ki merite pou yo ofri yo sakrifis. Kretyen vivan pa nan kategori pou y’ap nan ofri li sakrifis, yo rele sa sipèstisyon. Li ale pi lwen pou li montre li p’ap jwe – li pa fè fèt la sou mòn Olenp lan, kote dye yo rete, paske kretyen vivan pa gen dwa pile la ankò. Li fè li sou yon lòt mòn ki rele Mekone. Li rekòmande pou yo touye yon bèf pou sakrifis la, pou yo separe li an de pòsyon. Pati ki pi bon an, pi bon moso vyann gra yo – yo dwe mete yo apa pou dye yo. Epi kanta pou vlen, ak zo yo, yo dwe kite yo pou ras lèzòm. Lè tout envite yo tande koze “pati ki pi bon yo pou dye yo,’’ yo konprann jwèt la. Kounye a se jwèt ti Sentaniz ak Chantoutou a k’ap jwe.

Se Dzous ki pale, tout lòt dye yo tonbe dakò. An plis, yo pa gen anyen y’ap pèdi, desizyon sa se nan avantaj yo li ye, yo pa gen enterè pou yo ta di anyen. Men, kanta Promete li menm, li pa dakò ak lide a – li santi gen yon enjistis ki pral fèt. Nan je li se yon diskriminasyon. Li pè pi plis toujou pou Dzous pa wete tout lòt privilèj yo nan men moun yo. L’ap fè tèt li travay pou li wè kisa li ka fè. Chans pou li, se li menm Dzous chwazi pou touye epi pou separe zannimo a – li tou jwenn okazyon li t’ap chèche a pou fè dye yo peye frekansite yo vle fè ak kretyen vivnan yo. Li aksèpte responsabilite pou li touye bèf la epi pou li depatcha li, pou li ka fè separasyon an. Lè li fin touye li. Li pran pi fò zo yo, li mete yo nan yon ganmèl, li pran pi fò nan vlen yo li kouvri zo yo, pou yo ka gen aparans vyann. Li pran tout grès la li mete sou li, li byen ranje li, li fè li sanble ak yon bèl ganmèl ki plen bon jan kalite vyann. Li pran yon lòt veso, li mete tout bon moso vyan yo, li kouvri yo ak rès zo ki rete yo, epi li mete vlen yo anlè.

Moman manje a rive, se Dzous ki pou bay siyal – Promete pote tou de veso yo bay Dzous. Promete pa fè chwa pou li, se li menm ki chwazi – li pran sa ki parèt pi bèl la, sa ki parèt pi gra a. Li bliye pawòl ki di: ‘‘Pa janm fye aparans.’’ Dzous tronpe. Lè li foure men nan ganmèl la, li wè se yon pil grès ki kouvri yon pakèt vlen ak zo.

Promete panse se yon byen li fè – l’ap defann kretyen vivan, inosan – san defans. Ak zak sa a, li tou trase yon chemen fasil pou mizè moun yo ka kòmanse. Ou pa dwe janm itilize yon mal pou reponn ak yon lòt mal. Desizyon Dzous la se yon enjistis, se yon mal. Men aksyon Promete a tou, se yon vòl, li triche. Lè ou reponn yon mal ak yon mal, oubyen lè ou itilize yon mal – pou ou fè yon byen, menm si nan kòmansman li sanble yon byen, apre yon tan l’ap vin devwale kòm yon pi gwo mal. Mal la visye, ou pa ka manipile li. Lè ou panse w’ap manipile li, se li k’ap manipile ou, san ou pa konnen. Ak mal la : ‘‘Se kon-w pran, ou konnen.’’

Nan moman sa, ou pa bezwen mande jan wa dye yo vin santi li. Li sanble ak yon chyen anraje, tèlman li an kòlè. Li di : ‘‘Se konsa Promete chwazi fè li – se konsa li deside jwe jwèt la ? Ebyen li gen pou li wè sa. Se sila yo menm l’ap proteje a k’ap peye sa. E m’ap fè yo peye sa byen chè.’’ Promete ap fè dèt, se dèyè kretyen vivan k’ap peye sa.

Dzous ap vanje

Dzous retounen sou mòn Olenp lan, ak rès kòlè a nan kè li. Nan syèl la menm se gwo kou zeklè ak gwo kout loraj. L’ap fè tèt li travay pou li wè kòman li pral pran revanj li. Li fè kèk lide ! Premye sa li fè: li koupe kesyon manje gratis la. Li di : pa gen sinistre ankò. Tout bagay te konn pouse, moun yo te konn sèlman al nan jaden pou ranmase. Kounye a pa gen sa pyès, manje yo pa pouse ankò. Pou lèzòm jwenn manje, li dwe redi travay, sakle, plante, tann plant lan pouse, pou li redi rekòlte. Sa poko anyen. Se twokèt la sa ye, chay la – tout pakèt chay yo dèyè. Pou frekansite Promete a, li diside pran sa ki t’ap fè kretyen vivan yo frape lestomak la : dife a. Kounye a, yo pa ka kwit manje, yo pa gen limyè pou klere je yo nan aswè, pou chofe kò yo lè li fè frèt, yo pa ka koube fè pou yo fè rou kabwèt ak zam pou defann tèt yo. Tèt chaje ! Yon byen Promete t’ap fè, byen an tounen yon frèt pou kale li. Li tounen pi gwo mal pase sa anvan lòt mal li t’ap chèche elimine a – enjitis pou yon pòsyon vyann. Lè ou reponn mal yo fè ou ak yon lòt mal – lè ou vle sèvi ak yon mal pou ou fè byen : se ak dife w’ap jwe. Mete sa nan tèt ou, ou pa foute manipile fòs mal la, se li k’ap toujou manipile ou. Se yon fòs ou pa ka konprann – ou pa dwe jwe ak fòs ou pa ka konprann.

Promete pa regrèt sa li fè a – okontrè jan Dzous aji a bal indiyasyon. L’ap chèche yon fason pou li ede kretyen vivan anba opresyon Dzous – l’ap chèche yon mwayen pou li ede yo ankò. Men, kisa li ka fè? Kisa li dwe fè ? Kounye a, nenpòt sa li ta fè a, se abse l’ap mete sou klou. Men li reziye li. Se JPP – jan-l pase, l’pase. Chay la twò lou pou li. Li pa ka pote-l pou kont li. Li deside al pataje sa ak yon zanmi li. Li ale wè Atena, zanmi li. Lè li rive, li kòmanse pale ak deyès la sou sa Dzous ap fè kretyen vivan pase.

Mezanmi ! Li chita sou kwi l’ap pale bèf mal. Atena se pitit fi Dzous. Li pa pè paske ‘‘an ami toutè pèmi.’’ Promete di Atena : ‘‘Sa ki fè mwen pi mal la ; sèke, moun yo ap peye pou yon bagay yo pa koupab.’’ Deyès la pran lapenn pou jan li wè Promete tris pou sò lèzòm – epi pou jan pwòp papa li trete kretyen vivan. Li mande Promete kisa li ka fè pou li soulaje lapenn li. Yon bagay Promete t’ap chèche anlè, li jwenn li atè a, devan li. Li tou profite okazyon an pou li fè Atena yon demand. Li di-l : ‘‘Mwen gen yon sèvis m’ap made ou. Men li delika, se sa ki fè mwen jennen. ’’ Atena di li : ‘‘Nenpòt sa li a, ou mèt mande li – si mwen pa kapab m’a di ou.’’ Promete di li : ‘‘Ou pa oblije reponn mwen – mwen konnen sa mwen pral mande ou an ap mete ou nan yon pozisyon difisil – paske Dzous se papa ou. Mwen ta renmen ou ede mwen antre nan palè dye yo sou mòn Olenp lan – mwen ta renmen vin pran yon ti kal dife nan founo papa ou an, pou mwen pote bay kreyen vivan. Pou sa m’ap mande ou, pou ou ede mwen pandan w’ap distrè dye yo. Sa ap ban-m tan pou mwen fè sa.’’

Atena dakò ak demand Promete a. Promete tou profite okazyon an – li fofile tou dousman nan palè a – san fè yon ti bwi. Li antre nan kote founo dife Dzous la ye a. Li pran yon moso dife, li mete li andan yon gwo banbou. Epi li chape poul li sot sou mòn Olenp lan. Li pote dife a bay moun yo. Reziyasyon fè lòm. Promete, sila a yo rele prevwayan an te deja konnen Dzous pral konnen – men li reziye li pou li peye sa – kèlkeswa pri a.

Lavi rekòmanse pou moun yo. Menm lè yo gen pou yo travay late, pou plante epi pou pase tan ap tann prosesis pou fwi yo bon – pou yo rekòlte. Omwen, yo gen dife pou fè manje, pou yo klere je yo leswa, pou yo chofe lè li fè frèt. Yo pa bezwen dye yo ankò. Gran-mesi Promete, yo ka gonfle lestomak yo ak gwo ògèy, yo ka di: yo pa bezwen dye yo, paske yo gen teknoliji bò kote yo – ak dife a epi ak entelijans yo, yo ka fè sa yo vle.

Yon jou swa, Dzous founi de na wè li, pou li fè yon enspeksyon – pou li wè kòman moun yo ap demele yo nan anbago li lage sou yo a. Sipriz! Li di: “Sa-m wè la?’’ Li proche pi pre pou li gade : se manje k’ap fèt, pil moun chita bò dife ap bay blag epi ap ri – yon lòt kote fòjon ap travay fè nan dife pou fè zam. Desizyon li yo pa bay rezilta li t’ap tann nan. Bon, Abraam di: sèt ase! Li konnen se youn nan dye yo ki pote dife a ba yo. Li rete kwè pa gen lòt dye k’ap fè sa – sèlman Promete. L’ap regle ak Promete apre. Pou kounye a l’ap fè kretyen vivan jwenn ak zo grann yo. Yon lòt fwa ankò Dzous fè rele Efayistòs, pitit gason li an. Sila a menm ki te kreye zannimo yo ak kretyen vivan yo. Li enpòtan pou nou raple ou, se sèl gason li te kreye, jou kounye poko gen fi.

Efayistòs kouri vin kot papa li. Pou fè sa pi solanèl, Dzous fè rele tout lòt dye yo – paske li konnen lè tout dye sa yo rankontre ak Efasyistòs se sèlman sa ki mal yo kreye. Wa dye yo mande pitit gason li, pou li pran ajil pou li fòme kò yon fi ak li. Li dwe sanble ak yon deyès tèlman li dwe bèl. Li dwe gen tout gwo kalite. Afrodit ba li elgans. Atena abiye li tankou yon mannkèn ak bèl rad, gen lòt dye ki mete kouròn flè sou tèt li ak bon jan kolye nan kou li. Dzous mande Èmès pou li ba li sèvo yon moun ki rize, ki fò epi ki renmen bay manti – yon mèt dam. Yo ba li yon gwo apeti pou sèks – li pa janm satisfè. Mete sou tout bagay sa yo, yo ba li mantalite yon moun ki renemn wè – li gen yon maladi manyen – yon manyadò, tout sa li wè fò li manyen yo. Lè yo fin ekipe li ak tou bagay sa yo ; kounye a li rete pou li gen yon non. Dzous soufle sou li, li ba li lavi. Li rele li : Πανδώρα-Pandò (an grèk : Pàndora). Non sa konpoze ak de mo grèk: Pàn ki siyifi : tout ; epi Doròn ki siyi Kado. Pandò: ‘‘Kado yo tout’’ oubyen “Plen ak tout kalite kado.’’ Bèl dam sa a se yon kado tout dye yo fè – yon kado ki soti nan men yo tout. Men poukisa dye yo voye kado sa? Èske se paske yo renmen kretye vivan ?

Kalamite ak soufrans

Pandò se premye fanm nan pami kretyen vivan – li se manman tout fanm. Se pa yon kado pou montre yon bon relasyon renmen ki egziste nan mitan dye yo ak moun. Dye yo pat janm konsidere moun tankou zanmi, kretyen vivan se yon jwèt nan men yo. Paske Promete ap proteje yo, li pa respèkte lòd Dzous, l’ap fè yo peye. Promete te vòlè dife pote ba yo. Ti moun mande gonbo cho, ou ba li-l nan pla men. Kounye a Dzous ba yo yon lòt kalite dife – san li pa gen okenn flanm, l’ap brile yo pi mal pase si se te vrè dife a. Lè ou vòlè sa ki pou dye yo, y’ap fè ou peye plis pase sa ou pran an. Sèlman lage yon fanm anba dra ak yon gason, ou pa bezwen ba li lòt pinisyon ankò. Pandò se yon kado, men se yon pinisyon, yon malediksyon – yon bèl kado anpwazone.

Se pa bay nenpòt ki gason y’ap pote kado sa – y’ap chwazi youn, sila a ki aji san reflechi, pou li ka byen tonbe nan pyèj la. Se kon-w pran ou konnen.Se Epimete ki soti nan gwo lo a, paske li sanble ak kretyen vivan, li reflechi apre li fin aji – avèk yo : ‘‘si-m te konnen toujou twò ta’’ – yo toujou konprann bagay yo apre yo fin pase. Kretyen vivan toujou ap fè plan, menm lè bagay yo p’ap janm pase jan yo planifye a. Si yon moun bezwen fè dye yo ri, al pale yo sou projè li genyen.

Èmès pran Pandò, li mennen li bay Epimete. Li di li : ‘‘Monchè pou jan nou byen, mwen pa janm fè ou kado. Mwen panse ak ou, men yon kado mwen pote pou ou.’’ Men Epimete vin sonje, frè li te di li : ‘‘Menm si lòt dye yo ta ofri lò ak dyaman, pinga ou aksèpte.’’ Se pa tout lè epi se pa tout kado yon moun ba ou pou ou pran li san poze kesyon. Li ezite pran kado a. Men pou jan Èmès ensiste, pou jan bebe a byen kanpe, si Epimete pa ta pran kado sa a, konnen li gen yon bagay ki pa mache, fò li al wè yon doktè serye. Epimete pèdi tèt devan bote Pandò – li gen tan bliye tout sa frè li te di li – li pote tèt li bay danje a. Li akeyi Pandò ak de bra ouvè.

Gen yon diplis, gen yon detay ou poko konnen. Ti detay sa enpòtan anpil pou ou konnen. Epimete ak Promete t’ap viv sou tè a nan pami lèzòm. Anvan yo voye Pandò sou tè a, Dzous remèt li yon bèl ti bwat an lò, ak bèl ti dekorasyon. Avan yo remèt Pandò bwat la, li rele tout douz dye sou mòn Olenp lan. Li di yo : ‘‘Mwen ta renmen nou mete nan ti bwat sa a yon bagay nou konnen ki ka fè moun soufri – men se yon bagay lè li rive sou ou, ou pa konnen – san bwi.’’ Menm Pandò pa konn sa ki ladan-l. Dzous di-l: “Pa ouvri bwat sa sou okenn kondisyon.’’ Pandò se machandiz la epi sa dye yo mete nan bwat la se degi a. Yo chak mete yon bagay k’ap pote soufrans ak mizè pou kretyen vivan – tout sò – tout bagay ki ka fè yon moun mal : grangou, swaf, maladi, lanmò, elatriye.

Lespwa fè viv

Pandò promèt Dzous pou li pa ouvri brat la. Men pandan l’ap promèt li sa, Dzous wè l’ap peze gwo zòtèy li atè a. Li deja konnen manmzèl p’ap respekte promès li – e se sa menm gran wa tout dye yo ap chèche – pou li ta ouvri bwat la. Paske lè yo di Pandò pou pa fè yon bagay, pito ou te di li kontrè a. Epimete marye ak Pandò. Apre resepsyon, tout moun al dòmi. Li veye lè Epimete ap ronfle, li leve tou dousman sot sou kabann nan – li ale kote bwat la ye a, li louvri li. Nan menm moman sa a, tout sa ki te nan bwat la soti epi yo tonbe vòltije anlè tankou papiyon lasenjan k’ap vole. Tout sò sa yo gaye nan lanati pou yo toumante kretyen vivan pou tout rès vi yo. Anvan sa Dzous fè yon fason pou dye yo mete kado yo yon jan pou lè y’ap frape moun, yo fè sa a sanzatann – pou moun nan pa konnen anyen. Sa valide dikton kreyòl ki di : malè pa gen klaksòn. Sò sa yo ki vòltije sot nan bwat la gen yon lòt fason yo aji. Non sèlman yo vini an silans, men yo gen yon lòt M.O., yon lòt modus operandi – yo melanje ak tou sa ki bon. Tankou lè ou grangou, ou wè yon mango byen mi, ou panse ou pral manje li. Lè ou kale li, tout andan mango a se vè. Lè Pandò wè sa ki rive a, li tèlman sezi – li fè vit li refèmen bwat la. Men Elas, li deja twò ta.

Promete bay Dzous wont chen pat bay kochon devan pye zaboka a. Se nan ‘‘kou pou kou’’ dye yo pran plezi yo, Dzous remèt ras lèzòm, kou pou kou sa Promete te fè li pou zafè vyann nan. Menm jan li te maske zo ak vlen yo anba yon pil grès – se konsa Dzouz maske mizè nan yon bèl fanm ak nan yon bèl bwat – li voye ba yo, de bon kado, men yo chak plen ak pwazon. Anpil fwa, lè nou di nou byen konprann, oubyen lè nou konprann nou byen konnen, se lè sa a nou chire san nou pa ka koud. Bagay yo ki parèt devan je nou yo, reyalite n’ap gade yo – nou pa janm dwe mete nan tèt nou : nou konprann yo san pou san. Reyalite sa yo toujou pi konplèks pase jan nou wè li an. Reyalite a tankou yon ayisbèg. Sa nou wè ki parèt la gwo anpil, men se yon ti kras li ye lè ou konpare li ak reyalite a an antye. Atansyon pa kapon.

Kretyen vivan yo ap viv lwen dye yo, yo lage pou kont yo. Yo dwe redi pou yo travay pou yo jwenn kichòy pou yo manje. Menm jan li dwe travay tè a pou mete semans, pou fwi a ka parèt, se konsa tou li dwe jete semans li nan vant vi a pou li ka fè yon timoun. Menm nan zafè fè timoun – mal la prezan, gen maladi ki ka pase – gen risk pou fi a oubyen timoun nan mouri nan akouchman, pafwa, toulede konn mouri. Byen ak mal la tankou kòkòt ak figawo – ‘‘pwason kraze nan bouyon,’’ ‘‘pase pran-m, m’a pase rele-w.’’

Sa pa fini pou kretyen vivan. Ou sonje lè Pandò te ouvri bwat la, li te vin panike – li fè vit fèmen li– lè li te fèmen bwat la, te gen yon sèl grenn bagay ki te rete anndan li, li pat gen tan soti. Se kisa li te ye ?Se yon ti souf, li frajil anpil. Youn nan dye yo pat ka wè li. Se Èmès ki glise li nan bwat la san Dzous pa wè. Èmès bay souf sa yon non, li rele li ἐλπίς-Elpis ki vle di : lespwa. Lespwa rete nan bwat Pandò a, se sa ki fè devan tanpèt ak van, devan gwo mizè ak maladi – kretyen vivan kontinye kwè bagay yo gen pou vin pi bon, li kontinye gen lespwa. Tankou nou di nan lang kreyòl ayisyen an : lespwa fè viv. Souvan, lespwa pa chita sou anyen – li tou fèb, men malgre sa li pa dwe janm etenn. Jou yon moun ta sispann espere, menm jou sa a, li mèt tou bay fè sèkèy li.

Promete anchennen

Dzous te jire pou li fè moun yo peye desepsyon li te pran nan zafè vyann nan – men pi plis toujou fò yo peye pou dife a Promete te vòlè pote ba yo a. Kounye a, li lè li tan pou fè mèt afè a peye. Li vle pou mèt afè a peye tou. Li lè pou ba li posyon pinisyon pa li – pou li aprann konnen se dye li ye, li pa dwe chita ap defann kretyen vivan, se nan kan pa yo li ta dwe ye. L’ap tou profite fè sa sèvi kòm egzanp, pou okenn lòt dye pa janm oze fè yon bagay konsa ankò. Li pase lòd pou yo anchennen Promete nan yon gwo wòch ; sou yon mòn, yon kote yo rel Kokaz – li nan mitan lanmè Nwa ak lanmè Kaspyèn. Apre yo fin anchennen li nan ròch la, li rele youn nan gwo zwazo ki gen bèk ak grif yo byen file yo, yo mechan anpil. Yo vole pi wo pase malfini – sa yo rele èg la. Li pase li lòd pou li al manje fwa Promete. Pandan lajounen, zwazo a vini, li devore fwa titan an. Nan aswè fwa repouse ankò – nan demen zwazo a tounen pou vin manje. Sa pase konsa chak jou epi jou apre jou.

Yon dènye zèl kat

Èg la pase syèk apre syèk ap fè Promete souvri. Fwa sa l’ap manje a, se senbòl chwa Promete te fè lè li te deside kanpe pou defann lèzòm epi proteje yo. Soufrans lan di pou li, li sanble li p’ap janm fini. Men li rete ‘‘tennfas,’’ li pa rele, li pa kriye. Sa se yon ti pousyè soufrans devan gwosè renmen li gen nan kè li pou kretyen vivan – li kontinye konfronte Dzous. Youn nan bagay ki fè li kenbe Promete vivan, se paske li gen yon sekrè li konnen sou Dzous, youn nan dye yo pa konnen li, menm Dzous li menm li pa konnen sa li ye. Se sa ki fè l’ap fè li soufri konsa, pou li ka devwale li sekrè a. Men li menm li pa vle di Dzous kisa li ye. Li konnen si li di li, l’ap tou fè èg la fini ak li. Sekrè sa konsène lavi Dzous ak lavni twòn li an. Se zèl kat sa a Promete genyen – se zèl kat sa k’ap fè li genyen jwèt la – se pou sa li pa gen enterè pou kite li konn anyen. Promete di li : ‘‘Si ou vle konnen sekrè a, se pou ou libere mwen.’’

Se pa de ane ki pa pase depi Promete nan chenn. Lavi kontinye sou tè a ak sou mòn Olenp lan. Plizye fwa dye yo fè konplo pou yo mete Dzous atè sou pouvwa, men li toujou jwenn yon fason ak yon mannyè pou li demaske konplo yo – pou li kraze lènmi yo. Men li toujou vle konnen sa Promete kache-l la. Li konnen si li vle gouvène nan kè poze, li dwe konnen sekrè sa a. Li pa ka reziste ankò. Li bat ba ! Li rele youn nan pitit gason li yo, Eraklès, li mande li pou li libere Promete. Ak yon sèl kout mato, li kase chenn ki te mare titan an. Epi li rale flèch li, li bay èg la yon flèch nan kè, li touye li frèt.

Se vre Promete se yon rebèl – men li pa nan bay manti, lè li di ou wi, se yon wi tout bon. Se sa ki fè valè li – li pa gen de pawòl. Promete pa sipòte enjistis – epi lè li di ou yon bagay, l’ap respekte sa li di a. Sa yo se de valè moral ou pa jwenn lakay anpil moun. Majorite moun, sèl jistis ak verite yo konnen, se sa eksoresyon kreyòl la di a : ‘‘chak moun naje pou li soti.’’ Lè Eraklès fin libere li, premye sa li fè – li ale wè Dzous, li livre li sekrè a. Nan pami deyès yo Dzous te gen yon ti mennaj. Non li se  Θέτις-Tetis. Dzous renmen Tetis anpil. Li menm te gen plan pou li marye ak li. Ou konnen Promete gen don pou li wè bagay yo anvan yo rive. Li Dzous : ‘‘Malè pou ou si ou Marye a Tetis. L’ap fè yon pitit gason pou ou. Lè li vin gran, l’ap tèlman pwisan – l’ap pi pwisan pase ou. L’ap jete ou sot sou pouvwa epi l’ap pran twòn nan nan men ou.’’ Se sekrè sa Promete te kenbe sou kè li an. Li pwofite okazyon an pou li di Dzous: li lè li tan pou li meten yon fen nan relasyon sa a. Dzous koute konsèy Promete a. Li pase Tetis lòd pou li marye ak yon gason nan ras lezòm – nan pami sila yo ki ka mouri yo.

Pafwa nou gen tandans mete tout zoranj yo nan menm panye – paske se zoranj pouri nou abitye wè chak jou. Chak fwa nou rankontre yon lòt zoranj, nou mete nan tèt nou li menm jan ak lòt yo. Dye yo konsidere kretyen vivan tankou yon jwèt, yon maryonèt – yon kloun ki la pou amize yo, pou fè yo ri. Moun nan pa gen chwa, depi li egziste, li konnen misyon li : se pou li soufri – nan soufrans ras lèzòm, dye yo pran plezi yo. Se vre Promete se yon dye. Si ou pa konnen li, ou ka di : ‘‘tout voum se do.’’ Pa gen anyen ki di li pa menm jan ak lòt yo. Men an reyalite, li diferan – li pa nan bay manti, li renmen sa ki dwat – lajistis. Li renmen kretyen vivan – prèv renmen sa sèke li toujou defann yo epi proteje yo – li prèt pou soufri pou yo.

Lè ou jwenn yon moun ki gen tèt di, ki rebèl ou pa dwe prese kondane li, ou dwe poze tèt ou kesyon : kisa ki fè li konsa ? Poukisa li jan li ye a ? Ou mèt sèten, dèyè tèt di li a, dèyè rebèl li an, li kache yon seri kalite ki gen pri lò. Yon lòt kalite ankò promete genyen : se renemn li genyen pou frè li – li konnen feblès li – li pa jije li, paske frè a pa chwazi pou li te fèt nan kondisyon sa – li defann li. Li toujou la pou retire li nan danje.

Nou dwe respekte sila yo ki nan pouvwa a. Men pafwa lè yo fè yon enjistis, lè nou gen prèv – nou dwe kanpe pou nou defann sa ki dwat la. Se pa tout lè ou dwe pale. Men gen defwa silans konn sanble ak yon konplisite ak moun k’ap fè mal la. Ou konnenn byen, chak fwa moun kòrèk ak moun debyen an chita founi je gade san yo pa fè anyen, san yo pa aji – se lè sa a menm fòs mal la vin pi fò, se lè sa mal la triyonfe.

Manman chak gason se yon fanm. Chak gason ka di s a byen fò : ‘‘se pa tout fanm ki sanble ak Pandò. Tout fanm se fanm, men tout fanm pa menm. Chak fanm, tout fanm gen bonte yo. Paske manman-m se youn nan pami bon fanm yo. M’ap bay tout lò ak dyaman nan mond sa pou li toujou bò kote mwen.’’ Ou menm k’ap chèche yon ti fanm, nan ki lide w’ap chèche li ? Si w’ap chèche yon machann plezi, se nòmal pou ou tonbe sou yon Pandò – plezi koute chè. Paske lè ou bezwen wè lamayòt – se mete lajan-w deyò. Yon bagay ka bon natirèlman; men, jan ou sèvi ak li a, ou fè li vin move, ou fè li vin nwizib pou lavi ou.

Lè ou tande moun yo di : ògèy prometeyen – sa vle di : yon moun ki fò, ki entelijan, ki gen lajan – li konnen sa, li vin awogan, wa pa kouzen li prezidan pa bòpè li. Kite mele li ak moun, menm Bondye li pa bezwen. Yon lòt ekspresyon ankò : ouvri bwat pandò a – nan fouyapòt ou koze yon malè – yon bagay ou konnen ou te ka evite. Lè malè sa a rive, ou pa ka fè anyen pou ou repare sa. Men an menm tan an, sa pa vle di pou ou dekouraje.

Sa se yon tablo ki genyen alfabè grek la, ak fason yo pwononse lèt yo – Men sa a, se ansyen fason yo te konn ekri lang Grèk la – Se toujou menm lang lan, ak menm fòm nan, men lang lan evolye anpil. Se sa ki fe jounen jodi a yo di : ansyen grèk – men sa pa vle di Grèk la se yon lang yo pa pale ankò, tankou laten an

Majiskil Miniskil Pwononsiyayon an Grèk Jan yo prononse nan kreyòl ayisyen an
A α Ἄλφα Alfa (ph)- a
B β/ϐ Βῆτα Bèta (b/v) Vèta- v
Γ γ Γάμμα Gama – g
Δ δ Δέλτα Dèlta (d-tankou moun ki pale sou lang) d
Ε ε (ϵ/϶) Ἒ ψιλόν Epsilòn – é
Ζ ζ Ζῆτα Dzèta – Dzita – d
Η η Ἦτα Èta – Ita – ê
Θ θ (ϑ Θῆτα Tèta (th)-Tita (T-tankou moun ki pale sou lang)
Ι ι Ἰῶτα Yòta – i
Κ κ (ϰ) Κάππα Kapa (p,p) – k
Λ λ Λάμϐδα Lamda (d,d) – l
M μ Μῦ Mi – m
Ν ν Νῦ Ni – n
Ξ ξ Ξῖ Ksi – ks tankou nan eksepsyon
Ο ο Ὂ μικρόν Omikron – o
Π π (ϖ) Πῖ Pi – p
Ρ ρ (ϱ) Ῥῶ Ro (r la roule tankou an espayòl) – r
Σ σ/ς Σῖγμα Sigma – s
Τ τ Ταῦ Taf – t
Υ υ ῏Υ ψιλόν Ipsilòn – y
Φ φ (ϕ) Φῖ Fi (f-Ph) – f (sou lang)
Χ χ Χῖ Chi – ch
Ψ ψ Ψῖ Psi – ps tankou: psikològ
Ω ω Ὦ μέγα Omega – o

Partagez cet article

CHANGE A LIFE TODAY

You can sponsor a child so they may participate in the scholarship program. The cost is $25USD per year which is about $32CAD.

We send sponsors a picture of the student as well as a letter from the student. We also keep the sponsor informed of the student’s progress.

Sponsor a child now!